Back to Top

Chinese Flags Chinese  |  French Flag Francais / French  |   Espagnol / Spanish  | Haitian Kreyol

 

Request Your FREE 888 Lucky IPA Delivery to Your Doorstep via FEDEX in All 50 States of USA & Worldwide. You pay shipping & handling. Get It Now

 

 

Please Contribute to First-Ever American 888 Craft Beers Tours of 9 Cities in China, learn more http://www.paugustin.com/donate

 

 

“People thought 888 Lucky Beer was a really good IPA says Allison"

     888 Lucky Beers Now Looking for Importers Globally ... !!!

 

Lèt ouvè a Prezidan Ekwatè, premye dam la, gran pèp Ekwatè a ak Amerik di Sid

Istwa liberasyon nan tan aktyèl Venezyela, Kolonbi, Ekwatè, Pewou ak Bolivi de Espay ak esklav yo te pran soti nan Lafrik jiska Amerik Disid pa Espay pat vini nan 8 segonn, 8 minit ak 8 èdtan oswa 888.

Simon Bolivar yon natif natal peyi Venezyela, konnen tou kòm Liberatè a, pwoklame endepandans peyi'l an 1812, men ki pita te pèdi batay kont twoup Ferdinand VII ki soti Espay e yo te fòse'l ale an Ayiti ak konpayon batay li yo nan fen 1815.

Simon Bolivar debake nan vil Les Cayes ki nan sid, Ayiti, ''zòn mwen fèt'' kote Jeneral Marion ak popilasyon an te byen resevwa li menm ak parèy li yo.

Simon Bolivar te rankontre Prezidan Premye Repiblik Nwa Lib nan emifè lwès la, Alexandre Petion, ki te sipòte kòz noblès li yo pou endepandans epi li ba'l ti non ''otè endepandans nan Amerik di Sid la''.

Nan vil Les Cayes, Ayiti, Simon Bolivar resevwa zam, minisyon e li akòde pèmisyon pou enskri Ayisyen yo ki volontèman aksepte sakrifye pwòp lavi yo pou kòz nòb endepandans ak libète kont kolonyalis pou Venezyela, Kolonbi, Ekwatè, Pewou ak Bolivi ansanm ak libète pou tout esklav ke Espay te pran an Afrik pou rive Amerik di Sid yo.

Simon Bolivar te vle nonmen Prezidan Alexandre Petion "otè Libète a" men li derefize. Olye de sa, Prezidan Alexandre Petion sèlman mande Simon Bolivar yon sèl bagay: ''pou li aboli esklavaj nan tout peyi ke li tap libere yo '' ak èd ''Konbatan Libète Ayisyen'' yo.

Simon Bolivar retounen nan Venezyela pare pou li mete an aksyon sa'l te pwomèt Prezidan Ayiti Alexandre Petion an e li te kòmanse pa libere pwòp esklav li yo nan plantasyon San-Mateo li a. Sepandan lè li pwoklame libète jeneral pou tout esklav yo, pwoprietè esklav yo e menm lyetnan li yo vire kont li e yo te fòse'l ankò pou'l chache egzil an Ayiti yon dezyèm fwa.

Se te nan bè Jakmèl (yon vil nan Sidès Ayiti) ke yo te fè konsepsyon drapo Venezyela ak tout Kolonbi te vin fèt, wouj e ble yo a soti nan drapo Ayiti a e ou

Simon Bolivar ak ''Konbatan Libète Ayisyen'' yo retounen nan Amerik di Sid apre anpil lit ak batay fewòs, Bolivar ak lame li a ki fòme ak Konbatan Libète Ayisyen yo bat dezyèm Anpi Kolonyal Ewopeyen ki nan Emisfè Lwès la, lame Enperyal Espanyòl la nan Kolonbi e yo genyen endepandans peyi sa an 1819. Simon Bolivar ak Konbatan Libète Ayisyen yo libere peyi pa'l Venezyela, fwa sa pou tout bon an 1821 e Ekwatè an 1822.

17 ane anvan, apre arestasyon Toussaint Louverture a an Ayiti ak depòtasyon nan Lafrans kote li ta pral mouri an 1803. Anba Napoleon Bonaparte, franse yo te eseye re-mete zile a an esklavaj an 1802. Rezistans Ayisyen an kontinye anba lame ki te dirije pa Jeneral Jacques Dessalines.

Thomas Jefferson, yon pwoprietè esklav, e youn nan ''Pè fondatè'' Amerika venere, okòmansman te sipòte retou esklavaj la an Ayiti. Nan yon lèt bay Napoleon li di ke ''pa gen anyen pi fasil pase founi lame'w ak flòt ou a ak tout bagay epi redwi Toussaint Louverture nan grangou.

Thomas Jefferson chanje lide li, sepandan, lè li reyalize ke dezi Napoleon pou reentegre Louisiana ak Nouvelle Orléans (New Orleans) nan Anpi Franse a dezakòde ak enterè Ameriken an. Se poutèt sa Thomas Jefferson te rete net, malgre kontribisyon Konbatan Libète Ayisyen yo ak tout twoup koloni Ameriken yo nan batay kont Anglè yo nan Savannah, Georgia an 1799.

Ayiti, lontan pi piti nan popilasyon pase peyi Etazini, te atake pa lame ki gwo tankou sa yo voye kont Amerik pa Grann Bretay. Malgre asistans militè Franse yo jwenn nan men Angletè ak Espay, nan batay pou libète, Konbatan Libète Ayisyen yo ta reyalize youn nan viktwa yo ki pi trionfe e enspire nan istwa militè, ak plis pase 50,000 sòlda etranje kouche mouri sou chan de batay yo. ka remake'l tou nan drapo Ekwatè a tou.

Franse yo te oblije kite Ayiti an 1803. Viktwa Ayisyen sou pil lejyon Napoleon yo te reyalize ak lontan mwens asistans etranje pase sa Etazini te jwi. Yon nasyon esklav te konbat pi gwo lame Napoleon Bonaparte te janm voye oswa pa pouvwa emperyal Franse a.

Evantyèlman, Viktwa Ayisyen sou Franse yo te benefisye Thomas Jefferson ak Amerik ki te vin enpoze Napoleon Bonaparte renonse ak plan li a pou'l konkeri Lèzetazini e pou'l vann teritwa Louisiana a pou $15 milyon ki vin fè ekspansyon Lèzetazini pi lwen pase Montay Appalachian yo e ki double gwosè li. Ayiti vin tounen premye Repiblik Nwa Lib Emisfè Lwès la, premye nasyon ki aboli esklavaj e ki ede Etazini agrandi teritwa li. 

Nan Avril 30, 1803, reprezantan peyi Etazini nan Pari te dakò peye $15 milyon pou apeprè 828,000 miles kare tè ki lonje soti nan Rivyè Misisipi a al nan Rocky Mountains yo epi soti nan Gòlf Meksik la rive Kanada. Zafè sa, yo konnen kòm acha Louisiana a, prèske double gwosè Etazini kòm rezilta viktwa Konbatan Libète Ayisyen yo te genyen sou lame enperyal Franse a.

Simon Bolivar ak Konbatan Libète Ayisyen yo te ede inifikasyon Venezyela, Kolonbi ak Ekwatè a nan Gran Kolonbi an. Simon Bolivar ak Konbatan Libète Ayisyen yo te ede libere Pewou ak Bolivi (anwo Pewou)''.

Jodia, kòm yon Ayisyen natif-natal, mwen fyè pou'm swiv mak pye e kanpe sou zepòl zansèt mwen yo, Konbatan Libète Ayisyen yo, pou lanse premye Tou American 888 Lucky IPA ak 888 Pilsner Byè Atizanal yo nan Venezyela, Kolonbi, Ekwatè, Pewou ak Bolivi.

Dat vwayaj: A detèmine

Localite: A detèmine

Nan retwospektiv, Lè'm te timoun ap grandi an Ayiti, mwen te toujou entrige e fasine pa kilti Chinwa a ak espesyalman fim Kung Fu .

Se sa k fè, nan mwa fevriye 2015, mwen te vizite bèl peyi Lachin la epi mwen te pase yon mwa nan Chongqing. Se te yon rèv ki konkretize menm jan ak yon fim. Pèp Chinwa a te trè amikal, akeyan, e yo kite yon lajwa pwofon ak yon admirasyon nan kè'm.

Apre mwen fin fè eksperyans lavi sosyal ak tradisyon trenke yo, ''ganbei'' oswa 干杯 an Chinwa, lè'm tounen nan Etazini (USA), mwen te enspire pou'm kòmanse yon konpani byè atizanal apati yon resèt mwen te devlope antanke brasè amatè.

Estil byè ke'm devlope a se yon vèsyon Amerikèn de British India Pale Ale oswa IPA. Estil IPA la koni pou karaktè fò hop li a, date ane 1800 yo e se byè atizanal ki pi rapid ap grandi e ki vann pi byen nan Etazini.

An memwa akèy cho ke'm te resevwa Lachin epi swiv m'ap swiv mak pye zansèt mwen yo, ''Konbatan Libète Ayisyen'' yo, mwen ta renmen ofri tos sa yo:

 

I. Premye tos oswa 干杯

Prezidan, Premyè Dam ak gran pèp Ekwatè a, tanpri pèmèt mwen ofri nou yon premye tos imajinè oswa 干杯 de 888 Lucky IPA ak 888 Pilsner Byè Atizanal nou yo nan leve vè mwen anlè men lontan pi ba pase pa nou yo pou montre respè e swete nou Chans, Richès e Pwosperite.

 

II. Dezyèm Tos oswa 干杯

Sa pral yon gwo onè pou mwen pèsonèlman ofri nou yon dezyèm tos oswa 干杯 pandan preme vizit mwen nan Ekwatè pou prezante premye American 888 IPA ak 888 Pilsner Byè Atizanal yo.

 

III. Twazyèm Tos oswa 干杯

M'ap ofri yon twazyèm tos a gran pèp Ekwatè a paske mwen sèten ke n'ap renmen, 888 Lucky IPA ke yo rele Byè ki pi Gou nan Brooklyn, New York, USA ak 888 Pilsner ki te genyen Lò nan Maryland, USA konpetisyon byè atizanal gras a resèt li, ki yo menm fèt nan Washington DC, USA.

 

 

IV. Katryèm Tos oswa 干杯

Dapre yon pwovèb Chinwa: ''Tande san fwa pa miyò pase wè yon sèl fwa.''

Mwen vreman eksite pou mwen vizite Venezyela, Kolonbi, Ekwatè, Pewou ak Bolivi e wè ak pwòp zye'm peyi sa yo kote zansèt mwen yo, Konbatan Libète Ayisyen yo, te libere kont kolonyalis e te sekirize libète esklav Afriken yo ke yo te pran an Afrik pa Espay va lontan pi bon pase dis mil mo kapab eksprime.

Se poutèt sa, tanpri pèmèt mwen ofri nou yon dènye Tos oswa 干杯, Mwen swete nou yon lòt fwa ankò, anpil ane Chans, Richès e Pwosperite oswa 888. Aprann plis nan http://www.paugustin.com

 

Ak tout respè,

Pierre Richard Augustin, MPA, MBA

President and CEO, AdMerk Corp. Inc.

 

AdMerk Corp. Inc. Headquarters

20 F Street NW Washington DC Paugustin.com

20 F Street N.W., 7th Floor, Washington DC 20001 USA (617) 202-8069

Find us on Google+

Google+Google+

Pierre Richard AUGUSTIN, President and CEO, AdMerk Corp. Inc., 20 F Street N.W. 7th Fl, Washington DC 20001 USA

"Be Sure To Drink Responsibly". All purchasers in all 50 States of the USA must be 21 or older with valid identification in order to sign and receive the alcohol goods at the time of delivery by FEDEX.
Powered by CampaignPartner.com - Political Campaign Websites